![]() |
Entèvyou ak Marc Prou
Dwayen zafè etidyan
ComUniQ : Nou konnen nouvèl ane akademik la kòmanse nan Inivèsite Quisqueya depi premye septanm. Jounen entegrasyon yo te dewoule nan dat ki te 28 out rive 5 septanm. Kouman sa te pase ?
Marc Prou : Semèn entegrasyon an te byen dewoule nan Inivèsite Quisqueya pou nouvèl ane akademik lan. Depatman Afè Etidyan (Daé) te kòmanse ak seleksyon mentò ak delege yo, epi ba yo direktiv sou kijan pou ede ak resepsyon nouvo etidyan yo. Apre sa, tout nouvo admi yo te resevwa envitasyon pou patisipe nan aktivite yo.
Semèn nan te chaje ak atelye enteresan tankou prezantasyon sou ekriti ak jwèt echèk avèk ekriven Gary Victor, diskisyon sou enpòtans spò ak lavi inivèsite, ansanm ak sesyon enfòmatif sou teknoloji a nan UniQ avèk Kerwine Casimir. Genyen tou aktivite lidik ak amizman ki te mete anplas pa mentò yo ak gwoup kiltirèl AMUSART.
Pou fèmen semèn nan, gwo jounen 5 septanm lan te rasanble tout nouvo etidyan yo pou yon bèl seremoni ofisyèl ak patisipasyon Dekana, Sekretarya Jeneral ak Vis-Rektè. Diskou motivasyonèl, prezantasyon fakilte yo, foto de gwoup ak animasyon kiltirèl te make jounen sa.
Se te yon semèn entans, akeyan e byen òganize ki mete nouvo etidyan yo sou bon chimen pou kòmanse bèl eksperyans yo nan UniQ.
ComUniQ : Kou yo kòmanse premye septanm sou kanpis la, kouman anbyans lan ye ?
Marc Prou : Depi kou yo rekòmanse sou kanpis UniQ la, anbyans lan montre anpil dinamism. Anpil etidyan vin sou plas pou suiv kou yo, sa ki montre volonte yo pou yo angaje seryezman nan lavi inivèsite a.
Nou remake gen yon pi gwo prezans etidyan konpare ak sesyon pase a, sa ki fè klas yo vin pi aktif e patisipasyon lan pi vivan. Anplis de sa, anpil nan yo ap chèche entegre tèt yo nan divès aktivite, klèb, ak evenman tankou espò, deba, ak lòt inisyativ.
Daé a kontinye ap mete aktivite sou pye pou ede etidyan yo santi yo plis entegre, epi kreye yon anbyans ki favorab pou aprantisaj ak devlopman pèsonèl yo.
Nou swete konjonkti peyi a ap rete stab pou kou yo ka kontinye san entèwipsyon, e pou anbyans pozitif sa a kontinye ap grandi sou kanpis la.
ComUniQ : Ki konsey ak rekomandasyon ou genyen pou etidyan yo, sitou pou nouvo yo ?
Marc Prou : Antre nan inivèsite se pa sèlman yon nouvo etap akademik, men se tou yon eksperyans lavi. Pou sa, gen kèk konsèy enpòtan pou tout nouvo etidyan yo, epi menm pou ansyen yo : 1) Premyèman, li enpòtan pou chak etidyan pran lekòl la oserye depi premye jou yo. Pa tann dènye minit pou w kòmanse angaje w. Fè bon jesyon tan, planifye travay ou, epi prepare ou pou tout egzamen ak aktivite akademik. 2) Dezyèmman, inivèsite a se pa sèlman kote pou aprann, men tou yon espas pou devlope relasyon sosyal. Patisipe nan klèb, aktivite, e rantre nan mouvman ki egziste sou kanpis la. Sa ap ede ou entegre ou, e w ap jwenn plis opòtinite pou devlope tèt ou.
Toujou sonje w pa pou kont ou. Si w gen difikilte, pa ezite mande èd. Mentò, pwofesè, ak sèvis DAÉ a pou akonpaye ou. Pou n fini , toujou respekte règ inivèsite a, epi montre respè pou tout moun. Kenbe bon konpòtman, pran swen tèt ou, epi travay pou w reyalize rèv ou.
Bon kouraj, e bòn chans nan tout sa w ap antreprann!
ComUniQ : Eske ou gen yon lt pwen ou ta renmen soulve?
Marc Prou : Wi, gen yon lòt pwen enpòtan. Mwen ta renmen mete aksan sou responsablite pèsonèl ak angajman sosyal. Chak etidyan dwe konprann ke li gen yon wòl pou jwe nan devlopman pwòp tèt li, men tou nan devlopman inivèsite a ak sosyete a an jeneral. Fòw fè efò pou w vin yon sitwayen angaje, ki devlope lespri kritik, ki poze kesyon, ki chèche solisyon, epi ki patisipe nan chanjman pozitif. Pa rete pasif; inivèsite a se yon laboratwa lidè pou demen. Profite!
